Nan Silans Konfyans, Sherley Louis pran tan li, li ranmase tout bon sans li pou li mete nou an kontak av?k div?s ale vini ki alimante kouran lespri.
Jounal Entim Sherley Louis a se yon pwomnad nan mitan yon jaden ki ap fleri pou byenn?t chak moun, lwen tout kalite limitasyon sosyal. Div?s restriksyon ot? a denonse yo, se movez?b ki ap toufe juisans plezi viv. Se pout?t sa, li pote k?d n?f ak bon jan bokit pou li tire dlo ki kab rafrechi lizy? panse perime, ki kontinye ap pran rasin nan yon sosyete ki ap evolye pi plis chak jou.
Silans Konfyans se premye liv, nan kategori Jounal Entim, ki soti nan Koleksyon Koukouy. Jiskaske rech?ch yo pwouve lekontr?, nou kab di: Silans Konfyans se premye liv ki pibliye nan kategori Jounal Entim nan literati Krey?l Ayiti a.