Skip to content
Scan a barcode
Scan
Hardcover Malfini-Byenfini [Haitian French Creole] [Large Print] Book

ISBN: 1088068138

ISBN13: 9781088068137

Malfini-Byenfini [Haitian French Creole] [Large Print]

Imajine w te f?t nan yon paradi, Ewopeyen sivilize yo te vin transf?me an yon lanf?. M ap pale de on ti bout t?, AyTi, nan mitan yon gran basen dlo, anvayis? yo te rive pataje an de. Yon ti bit t? zans?t vanyan nou yo - fanm kou gason (oprese yo) tout koul? - te sakrifye lavi yo kite pou nou an eritaj. Se te grasa t?t kole yo te f? ki te p?m?t yo ba nou yon espas kote nou te m?t t?t nou, Ayiti!

Imajine: tr?t, vand? peyi, fo nasyonalis, anbisye, ti grangou, ti visye, yon bann ak yon pak?t enkonsyan ti soufrisken; yo tout ap konplote san panse kont enter? pw?p peyi yo. Pou Ayisyen sa yo, yon gouv?nman se tankou yon chemiz: mete jodi; chanje denmen. Gen nan elekte yo (mwen pa ekri elekt?) menm ki panse peyi a se jaden papa yo. Kidonk, enter? pa yo se p?ch yo !


Kit se gouv?nman an, kit se p?p la, an jeneral (Tout klas moun san eksepsyon), youn pa vr?man konn w?l li. Mouvman inyon ki te etabli yo k?m p?p souvren an dispar?t, e y ap viv nan yon hing-hang et?n?l. Se toujou youn lonje dw?t sou l?t. Tw? souvan, Ayisyen an pa janm vle pran responsablite li. Se toujou f?t yon l?t . . ., se pa janm f?t li. Politisyen ayisyen an se yon kones? konplekse, sip?stisye ki anbrase tout fo rezon, eksepte lav?rit?. Anrezime, li pa vr?man konprann anyen nan anyen: je pete klere!


Kounye a, imajine w anfas kolonn mechan sa yo, bann san pitye sa yo . . ., san matirite ! Imajine tout kapasite peyi a dey?, epi enkapasite menm andedan, li ap f? dega. Kidonk, se grasa mantalite friv?l sa yo tou nou, ki tounen Dyaspora, p?di yon peyi !


Imajine w ap panse sou tout move k?z sa yo ki kenbe ti paradi w la yon lanf?. Epi, panse w yo transf?me an yon zwazo ki kapab vole sou t?t Ayiti epi gade v?rit? yo anba. Imajine w ap viv yon kochma nan je kl?, dlo nan je - Malfini-Byenfini!

Recommended

Format: Hardcover

Temporarily Unavailable

We receive fewer than 1 copy every 6 months.

Save to List

Related Subjects

Fiction Literature & Fiction

Customer Reviews

0 rating
Copyright © 2026 Thriftbooks.com Terms of Use | Privacy Policy | Do Not Sell/Share My Personal Information | Cookie Policy | Cookie Preferences | Accessibility Statement
ThriftBooks ® and the ThriftBooks ® logo are registered trademarks of Thrift Books Global, LLC
GoDaddy Verified and Secured